Renseignements sur la demande de visa


 

Men kisa wap gen bezwen pou ou  yon demand viza pou Brezil

​Viza imanite (VITEM III) ak Regwoupman Familyal (VITEM XI)

  •  Yon Paspo ki dwe rete pou pi piti 6 mwa pou l fini, epi fòk li rete pou pi piti 2 paj ki vid.
  •  Yon (1) foto tip paspò, fon blan ki fenk fèt.
  • ​ Yon Kazye jidisyè ki fenk fèt ou byen ki poko gen 3 mwa depi l te fèt, men fok li rete pou pi piti 15 jou pou l fini (jou samdi, dimanch pa konte ladan l), e ki fèt nan DCPJ ki se direksyon jidisyè lapolis an Ayiti.
  • ​Yon rezèvasyon biyè avyon.
  • ​Yon sètifika kat vaksinasyon si Ajans nasyonal siveyans sanitè a tan ekzije li.
  • ​ Orijinal ekstrè dachiv ki legalize nan pakè, ministè jistis ak ministè zafè atranjè. Batiste ki soti nan tribinal de pè ou byen nan biwo eta sivil yo p'ap valab pou fè aplikasyon an.
  • Orijinal fich ki te montre ke ou peye (60,00 $ US) frè dosye sou kont OIM nan Sogebank.

 

​Pou viza Regwoupman Familyal (Viza imanitè VITEM XI) wap bezwen gen lot papye anplis:

 

  • Oirijinal ekstrè ak maryaj, orijinal ekstrè dachiv kid we legalize tou lè 2 nan minister lajisitis, ke se pou demand regwoupman familial ak patnè, paran, gran paran, pitit ou frè w , sè w, pitit pitit ou. Oubyen si ou pa marye wap bezwen prèv ke wap viv nan plasaj ki rele « Ak Konkibinaj » ke wap legalize nan tou lè 3 ministè nou sot sote anlè a.
  • Pou pitit pitit ou, frè w, sè w wap bezwen prev ke se ou k’ap okipe yo jiska 24 lane. Sof si moun pi plis ke 24 lane a lekol toujou, l’ap bezwen prouve ke li nan yon fomasyon siperyè oubyen yon fomasyon pou doktora.
  • Yon papye ki montre ke moun k’ap viv Brezil la gen otorizasyon pou’l rete Brezil.
  • Yon dokiman ki sètifye ke moun nan gen otorizasyon pou viv nan Brezil e ke l’ap viv nan peyi Brezil tout bon vre.

 

Timoun ki poko gen 18 lane ap bezwen tou :

  • Yon otorizasyon pou fè demand viza Brezil la pou timoun nan. Tou 2 paran yo dwe siyen otorizasyon an, l’ap fet kay yon note si paran yo ap viv Brezil, l’ap fet kay yon tribunal si y’ap viv Ayiti e fok li legalize nan ministè zafè etranjè. Sonje ke non moun ki ap vin fè demand pou timoun nan dwe ekri nan papye otorizasyon an. Si yon para nap viv nan yon lot peyi kip a ni Ayiti ni Brezil, Fok li bay yon otorizasyon so soti nan peyi kote li ye a e fok li valide pa konsila Brezil nan peyo kote li ye a.
  • Ekstrè  orijinal Ak Nesans pou timoun ki gen plis ke 3 zan ki fèt nan Achiv nasyonal, li dwe legalize nan ministè zafè etranjè.. Ak nesans ki fèt nan Tribinal de Pè ou Eta Sivil pou timoun ki gen plis ke 3 zan pap aksepte pou fè aplkasyon an.
  • Orijinal ak kopi pyes idantite (paspo ou kat idantite) tou lè 2 paran yo. Si yo ta divose, y’ap bay kopi jijman ki di ak ki moun timoun nan ap viv e kimoun ki gen dwa sou timoun nan. Si youn mouri fok gen orijinal papye setifika a ki rele Ak desè (ki dwe legalize nan ministè zafè etranjè, palè jistis ak Pakè).